Skip to content

Nòt pou moun k ap fouye chache nan sit la

Pèfòmans Pwobab

Gen lòt baz done tankou pa nou, notaman sila Comédie-Française la ki pran enfòmasyon sou achiv ak liv de kont ki bay enfòmasyon egzakt sou pyès yo aprè yo te fin jwe yo. Malerezman pou nou, achiv ak liv sa yo pa egziste ankò pou Sendomeng, se poutèt sa baz done pa nou tire enfòmasyon sou pyès teyat anvan yo te jwe. Sa vle di baz done pa nou an se yon baz done sou pyès yo te anonse k ap vini. Detanzantan, gen anons ki parèt nan menm jounal la ki fè nou konnen dat pyès yo te pibliye a te chanje pou yon lòt dat ki pita. Nan sa nou mete la a, nou bay sa nou kwè ki te vre dat cho a ak yon nòt ki bay detay sou premye dat yo te bay la. Nou prezante tout referans nan jounal sou pyès la, nou menm ajoute referans ki bay move dat la tou.

Enkonsistans ak Ensètitid

Nou dwe note ke enfòmasyon nou jwenn nan Affiches américaines lan ansanm ak lòt jounal nou sèvi pou nou pran enfòmasyon yo konn gen kèk èrè, omisyon ak enkonsistans. Se menm pou enfòmayon sou pyès teyat yo (tit yo, non otè a, osinon konpozitè a, elatriye) epitou enfòmasyon pou dat yo te jwe nan Sendomeng. Kote nou ka (preske) si enfòmasyon te mal anrejistre osinon mal enprime, nou korije’l nan baz done pa nou an. Konsa, moun k ap sèvi ak baz done an pa t dwe sezi wè enfòmasyon ki soti nan sous orijin lan pa toujou bèk pou bèk ak baz done pa nou an. Pi souvan nou dwe ajoute enfòmasyon sou sous orijin lan pou nou ka idantifye zèv ki mwen popilè yo osinon zèv ki sanble yo te gen plizyè otè. Annou gade ka Annette et Lubin, kote te gen twa pyès ak menm tit la ki te jwe nan Sendomeng: pafwa ou ka jwenn yon lide sou kilès li ye nan sous la; pafwa konesans pa nou sou teyat konn ede nou deside kisa nou ka aksepte osinon rejete; men gen de lè nou te oblije mete de, twa opsyon ak kèk pwen dentèwogasyon sou chak. Kote nou doute enfòmasyon sou yon zèv, nou endike sa ak yon pwendentèwogasyon. Menm jan tou, lè gen bon rezon pou nou doute enfòmasyon sou yon pyès tankou dat pyès la te jwe (annou pran ka yon pyès ki te gen pou li jwe, selon anons la, 31 fevriye a osinon yon samdi ki pa t vrèman yon samdi), nou te sigjire kèk lòt chwa dat osinon jou, men nou te fè sa ak pwendentèwogasyon pou nou kab fè konnen enfòmasyon an pa t fin kòdjyòm. Gen de ra fwa nou pa t reisi atribye yon zèv ni bay pi plis efòmasyon sou li; nan enstans sa yo, nou te kite espas la vid.

Kategori Teyat yo

Pou pi fò pyès teyat yo nou endike ki kategori teyat yo ye, men se yon gid sèlman sa ye. Sous enfòmasyon nou te sèvi yo te pran anpil libète – ansanm ak enkonsistan – nan jan yo fè distenksyon ant yon zèv ak yon lòt, menm savan jounen jodi yo pa konn fin dakò kijan pou yo klasifye zèv sa yo jodi a, sitou pyès ki genyen chante ansanm ak pawòl. Nou kab pran pou egzanp tèm opéra-comique paske gen moun ki te konn (e ki toujou) sèvi ak li nan yon sans laj tandiske gen lòt moun ki sèvi ak li nan yon sans pi limite. Alòske nou chwazi pou nou bay (prèske) tout travay sa yo yon sèl kategori gen anpil nan travay yo ou ta kab lye ak detwa lòt kategori. An patikilye moun k’ap chache nan kategori ki pral sèvi ak fonksyon rechèch daprè jan ta ede tèt nou byen pou nou fè plizyè fouy pou nou si e sèten nou te gade tout posiblite.

Òtograf

Jan mo yo ekri ka met konfizyon. Nou mete lòd nan jan pou ekri tit tout zèv nou yo, men òtograf non pwòp yo se yon lòt bagay. Lè nou plizoumwen si de òtograf se non menm moun lan, nou regularize sa, men kapab gen ti dout kanmèm.  Nan ka sa yo, nou kite moun k ap sèvi ak baz done an deside pou kont li. Nou espere rechèch ki va vin fèt pi devan kapab rezoud ti pwoblèm sa yo epitou nou espere nap kapab kontinye devlope e amelyore konesans nou sou pati estraòdinè sa a nan istwa teyat.

Abrevyasyon

AA: Affiches américaines

AC: Avis du Cap [Supplément aux Affiches américaines]

AC/SAA: Avis du Cap/Supplément aux Affiches américaines

ADPAA: Avis divers et petites affiches américaines

CPLCF: Courrier politique et littéraire du Cap-Français

GdSD: Gazette de Saint-Domingue

JGdSD: Journal général de Saint-Domingue

MC: Moniteur colonial

ND: Nouvelles diverses [Affiches américaines]