Skip to content

Entwodiksyon

Sendomeng se vye koloni franse (nou rele jodi a Ayiti) e ki te youn nan koloni esklavaj pi brital yo – men ki rapòte pi plis pwofi pou Lafrans. Sendomeng te gen youn nan pi gwo tradisyon teyat piblik nan tout Karayib dizuityèm syèk la. Malgre bonjan travay yon ti gwoup chèchè ap fè depi yon bon bout tan sou sijè a, teyat nan epòk lontan sa a toujou rete kache pou tout moun. San nou pa kase fèy kouvri vyolans ak mechanste sosyete Sendomeng nan epòk sa a, sit ak baz done sa a ap fè sa li kapab pou met deyò pou tout moun konnen yon tradisyon teyat rich ak varye jan sa te byen dokimante nan jounal lokal yo a pati lane 1764 (lè yo te kòmanse enprime nan zòn nan) rive 1791 (lè esklav yo te kòmanse rebelyon yo a ki te mennen Revolisyon Aysyen an), epitou pou vanse pi plis rechèch sou sijè sa a. Ant de dat sa yo, te gen yon seri jounal ki t ap fè piblisite pou pèfòmans teyat ki t ap vin jwe nan plizyè vil Sendomeng, sitou nan Kap-Franse (ki rele jodi a Kap-Ayisyen) ak Pòtoprens. Nan absans kaye osinon liv kontablite, se anons piblisite nan jounal sa yo ki sous enfòmasyon ak konesans pi valab ki egziste sou afè teyat piblik nan Sendomeng.

Pifò nan enfòmasyon sa yo soti nan de grenn jounal (ak lòt piblikasyon ki te asosye ak yo): Se Affiches américaines ansanm ak jounal konpayèl li a, Supplément aux Affiches américaines ki disponib pou nou gade sou entènèt sou Digital Library of the Caribbean ansanm ak koleksyon dijital Inivèsite Florid. Nou tire enfòmasyon sou yon seri jounal ki te parèt nan koumansman e sitou nan fen yon peryòd nan epòk revolisyon an, lè te gen yon pakèt lòt piblikasyon ki te vin parèt. Nou te konsilte sous andiplis sa yo sou sit entènèt (Internet Archive) oubyen sou mikrofish nan Bibliothèque Nationale de France (Bibliyotèk Nasyonal Lafrans la) nan Pari. Baz done sa a manke lòt dokiman epòk la ki te mansyonen zafè teyat nan dokiman tankou lèt ak otobyografi.

Jounal ki te pibliye nan Sendomeng te pale de pi plis pase 700 espektak teyat diferan, genyen ki te ekri ak pawòl sèlman, genyen ki te ak mizik. Pifò nan zèv teyat sa yo te soti dirèkteman Lafrans, pafwa jis de, twa mwa apre yo te jwe nan Pari osinon lòt kote. Anplis de sa te gen yon ti kantite zèv teyat enpòtan sou lis la kote otè yo te viv ak travay nan Sendomeng, pami otè sa yo te gen youn ki te rele “Clément” men nou pa fin konn idantite l. Youn nan bagay ki pi bèl e pi orijinèl nan teyat Sendomeng yo se te Pawodi Kreyòl, kote yo te pran yon pyès enspire de zèv franse, men yo sitiye l nan Sendomeng nan epòk sa a ak pèsonaj nèg ladan l epi te gen lang orijinal Kreyòl nan dyalòg la. Thérèse et Jeannot se youn nan pyès sa yo ki egziste jouk jounen jodi a. Pyès teyat sa yo te prezante nan Sendomeng pou yon piblik melanje men ki te gen ladann yon ti gwoup afranchi (ki t’ap vin pi enpòtan). Kwak, dapre sa nou konnen, esklav yo pa te gen dwa asiste pyès teyat yo, nou konnen te gen kèk esklav ak afranchi ki te jwe nan òkès la; anplistou li byen posib genyen esklav ki te mennen mèt yo nan teyat la, menmsi yo pa te rete tann tout pyès la. Kwak prèske tout moun ki te jwe nan pyès teyat yo te blan, nou kapab site de aktè ki te milat, e nou konnen nou pral jwenn lòt ankò.

Yon pèfòmans teyat tipik ki te prezante nan Sendomeng se te de pyès teyat ansanm ak kèk lòt amizman tankou dans ak mizik, e pafwa fedatifis osinon yon bal dans. Isit n ap montre tout pèfòmans kote gen anons kote yo bay non pyès teyat la; nou montre tou si gen lòt amizman tankou mizik ak dans, fedatifis epi dans, nou ekri yo sou chak kat pou chak jou. (Nou pa t mete lòt koudyay, tankou fedatifis pou kont yo osinon konsè ki pa t nan yon pyès teyat, kote nou jwenn non an.) Nou vle soulinye ke sa ki te parèt nan laprès lokal la kab sèlman yon ti pousantay de sa ki te jwe nan Sendomeng, paske genlè pi fò nan souskripsyon teyat regilye yo pa te parèt poukont yo (si yo te menm janm parèt) nan jounal. Pi fò nan cho teyat nou montre la a se te pyès teyat ki te jwe pou met lajan nan pòch sèten endividi ak inisyativ ki te fè tout depans pou pwodui cho yo; konsa yo te kenbe tout lajan yo te rantre a. Nou pa ka konnen nan ki mezi souskripsyon rantab sa yo fè pati souskripsyon regilye yo paske enfomasyon sou yo pèdi. Men sa pa anpeche ke sa nou rive jwenn montre klè kou dlo kokoye richès ak variyete teyat piblik nan koloni Sendomeng nan epòk sa a. Li byen mete aklè istwa teyat nan epòk koloni an epi li montre tou wòl lang Kreyòl la ki tap jèmen e ki te vin pran nan tradisyon teyat la. Sou sit sa a nap jwenn nan Bibliyografi a plis enfòmasyon sou tout kalite aspè teyat nan Sendomeng.