{"id":254,"date":"2020-04-27T10:51:55","date_gmt":"2020-04-27T10:51:55","guid":{"rendered":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/?page_id=254"},"modified":"2021-02-01T19:07:47","modified_gmt":"2021-02-01T19:07:47","slug":"not-pou-moun-k-ap-fouye-chache-nan-sit-la","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/ht\/not-pou-moun-k-ap-fouye-chache-nan-sit-la\/","title":{"rendered":"N\u00f2t pou moun k ap fouye chache nan sit la"},"content":{"rendered":"<h3>P\u00e8f\u00f2mans Pwobab<\/h3>\n<p>Gen l\u00f2t baz done tankou pa nou, notaman sila <em>Com\u00e9die-Fran\u00e7aise<\/em> la ki pran enf\u00f2masyon sou achiv ak liv de kont ki bay enf\u00f2masyon egzakt sou py\u00e8s yo apr\u00e8 yo te fin jwe yo. Malerezman pou nou, achiv ak liv sa yo pa egziste ank\u00f2 pou Sendomeng, se pout\u00e8t sa baz done pa nou tire enf\u00f2masyon sou py\u00e8s teyat anvan yo te jwe. Sa vle di baz done pa nou an se yon baz done sou py\u00e8s yo te anonse k ap vini. Detanzantan, gen anons ki par\u00e8t nan menm jounal la ki f\u00e8 nou konnen dat py\u00e8s yo te pibliye a te chanje pou yon l\u00f2t dat ki pita. Nan sa nou mete la a, nou bay sa nou kw\u00e8 ki te vre dat cho a ak yon n\u00f2t ki bay detay sou premye dat yo te bay la. Nou prezante tout referans nan jounal sou py\u00e8s la, nou menm ajoute referans ki bay move dat la tou.<\/p>\n<h3>Enkonsistans ak Ens\u00e8titid<\/h3>\n<p>Nou dwe note ke enf\u00f2masyon nou jwenn nan <em>Affiches am\u00e9ricaines<\/em> lan ansanm ak l\u00f2t jounal nou s\u00e8vi pou nou pran enf\u00f2masyon yo konn gen k\u00e8k \u00e8r\u00e8, omisyon ak enkonsistans. Se menm pou enf\u00f2mayon sou py\u00e8s teyat yo (tit yo, non ot\u00e8 a, osinon konpozit\u00e8 a, elatriye) epitou enf\u00f2masyon pou dat yo te jwe nan Sendomeng. Kote nou ka (preske) si enf\u00f2masyon te mal anrejistre osinon mal enprime, nou korije\u2019l nan baz done pa nou an. Konsa, moun k ap s\u00e8vi ak baz done an pa t dwe sezi w\u00e8 enf\u00f2masyon ki soti nan sous orijin lan pa toujou b\u00e8k pou b\u00e8k ak baz done pa nou an. Pi souvan nou dwe ajoute enf\u00f2masyon sou sous orijin lan pou nou ka idantifye z\u00e8v ki mwen popil\u00e8 yo osinon z\u00e8v ki sanble yo te gen plizy\u00e8 ot\u00e8. Annou gade ka <em>Annette et Lubin<\/em>, kote te gen\u00a0twa py\u00e8s ak menm tit la ki te jwe nan Sendomeng: pafwa ou ka jwenn yon lide sou kil\u00e8s li ye nan sous la; pafwa konesans pa nou sou teyat konn ede nou deside kisa nou ka aksepte osinon rejete; men gen de l\u00e8 nou te oblije mete de, twa opsyon ak k\u00e8k pwen dent\u00e8wogasyon sou chak. Kote nou doute enf\u00f2masyon sou yon z\u00e8v, nou endike sa ak yon pwendent\u00e8wogasyon. Menm jan tou, l\u00e8 gen bon rezon pou nou doute enf\u00f2masyon sou yon py\u00e8s tankou dat py\u00e8s la te jwe (annou pran ka yon py\u00e8s ki te gen pou li jwe, selon anons la, 31 fevriye a osinon yon samdi ki pa t vr\u00e8man yon samdi), nou te sigjire k\u00e8k l\u00f2t chwa dat osinon jou, men nou te f\u00e8 sa ak pwendent\u00e8wogasyon pou nou kab f\u00e8 konnen enf\u00f2masyon an pa t fin k\u00f2djy\u00f2m. Gen de ra fwa nou pa t reisi atribye yon z\u00e8v ni bay pi plis ef\u00f2masyon sou li; nan enstans sa yo, nou te kite espas la vid.<\/p>\n<h3>Kategori Teyat yo<\/h3>\n<p>Pou pi f\u00f2 py\u00e8s teyat yo nou endike ki kategori teyat yo ye, men se yon gid s\u00e8lman sa ye. Sous enf\u00f2masyon nou te s\u00e8vi yo te pran anpil lib\u00e8te \u2013 ansanm ak enkonsistan \u2013 nan jan yo f\u00e8 distenksyon ant yon z\u00e8v ak yon l\u00f2t, menm savan jounen jodi yo pa konn fin dak\u00f2 kijan pou yo klasifye z\u00e8v sa yo jodi a, sitou py\u00e8s ki genyen chante ansanm ak paw\u00f2l. Nou kab pran pou egzanp t\u00e8m <em>op\u00e9ra-comique<\/em> paske gen moun ki te konn (e ki toujou) s\u00e8vi ak li nan yon sans laj tandiske gen l\u00f2t moun ki s\u00e8vi ak li nan yon sans pi limite. Al\u00f2ske nou chwazi pou nou bay (pr\u00e8ske) tout travay sa yo yon s\u00e8l kategori gen anpil nan travay yo ou ta kab lye ak detwa l\u00f2t kategori. An patikilye moun k\u2019ap chache nan kategori ki pral s\u00e8vi ak fonksyon rech\u00e8ch dapr\u00e8 jan ta ede t\u00e8t nou byen pou nou f\u00e8 plizy\u00e8 fouy pou nou si e s\u00e8ten nou te gade tout posiblite.<\/p>\n<h3>\u00d2tograf<\/h3>\n<p>Jan mo yo ekri ka met konfizyon. Nou mete l\u00f2d nan jan pou ekri tit tout z\u00e8v nou yo, men \u00f2tograf non pw\u00f2p yo se yon l\u00f2t bagay. L\u00e8 nou plizoumwen si de \u00f2tograf se non menm moun lan, nou regularize sa, men kapab gen ti dout kanm\u00e8m.\u00a0 Nan ka sa yo, nou kite moun k ap s\u00e8vi ak baz done an deside pou kont li. Nou espere rech\u00e8ch ki va vin f\u00e8t pi devan kapab rezoud ti pwobl\u00e8m sa yo epitou nou espere nap kapab kontinye devlope e amelyore konesans nou sou pati estra\u00f2din\u00e8 sa a nan istwa teyat.<\/p>\n<h3>Abrevyasyon<\/h3>\n<p>AA: Affiches am\u00e9ricaines<\/p>\n<p>AC: Avis du Cap [Suppl\u00e9ment aux Affiches am\u00e9ricaines]<\/p>\n<p>AC\/SAA: Avis du Cap\/Suppl\u00e9ment aux Affiches am\u00e9ricaines<\/p>\n<p>ADPAA: Avis divers et petites affiches am\u00e9ricaines<\/p>\n<p>CPLCF: Courrier politique et litt\u00e9raire du Cap-Fran\u00e7ais<\/p>\n<p>GdSD: Gazette de Saint-Domingue<\/p>\n<p>JGdSD: Journal g\u00e9n\u00e9ral de Saint-Domingue<\/p>\n<p>MC: Moniteur colonial<\/p>\n<p>ND: Nouvelles diverses [Affiches am\u00e9ricaines]<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>P\u00e8f\u00f2mans Pwobab Gen l\u00f2t baz done tankou pa nou, notaman sila Com\u00e9die-Fran\u00e7aise la ki pran enf\u00f2masyon sou achiv ak liv de kont ki bay enf\u00f2masyon egzakt sou py\u00e8s yo apr\u00e8 yo te fin jwe yo. Malerezman pou nou, achiv ak liv sa yo pa egziste ank\u00f2 pou Sendomeng, se pout\u00e8t sa baz done pa nou&#8230; <a href=\"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/ht\/not-pou-moun-k-ap-fouye-chache-nan-sit-la\/\" class=\"more-link\">Continue reading <span class=\"screen-reader-text\">N\u00f2t pou moun k ap fouye chache nan sit la<\/span><\/a><\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","template":"","meta":{"footnotes":""},"class_list":["post-254","page","type-page","status-publish","hentry"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/254","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=254"}],"version-history":[{"count":4,"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/254\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":295,"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/254\/revisions\/295"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=254"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}