{"id":252,"date":"2020-04-27T10:50:08","date_gmt":"2020-04-27T10:50:08","guid":{"rendered":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/?page_id=252"},"modified":"2020-04-30T12:06:40","modified_gmt":"2020-04-30T12:06:40","slug":"entwodiksyon","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/ht\/entwodiksyon\/","title":{"rendered":"Entwodiksyon"},"content":{"rendered":"<p>Sendomeng se vye koloni franse (nou rele jodi a Ayiti) e ki te youn nan koloni esklavaj pi brital yo \u2013 men ki rap\u00f2te pi plis pwofi pou Lafrans. Sendomeng te gen youn nan pi gwo tradisyon teyat piblik nan tout Karayib dizuity\u00e8m sy\u00e8k la. Malgre bonjan travay yon ti gwoup ch\u00e8ch\u00e8 ap f\u00e8 depi yon bon bout tan sou sij\u00e8 a, teyat nan ep\u00f2k lontan sa a toujou rete kache pou tout moun. San nou pa kase f\u00e8y kouvri vyolans ak mechanste sosyete Sendomeng nan ep\u00f2k sa a, sit ak baz done sa a ap f\u00e8 sa li kapab pou met dey\u00f2 pou tout moun konnen yon tradisyon teyat rich ak varye jan sa te byen dokimante nan jounal lokal yo a pati lane 1764 (l\u00e8 yo te k\u00f2manse enprime nan z\u00f2n nan) rive 1791 (l\u00e8 esklav yo te k\u00f2manse rebelyon yo a ki te mennen Revolisyon Aysyen an), epitou pou vanse pi plis rech\u00e8ch sou sij\u00e8 sa a. Ant de dat sa yo, te gen yon seri jounal ki t ap f\u00e8 piblisite pou p\u00e8f\u00f2mans teyat ki t ap vin jwe nan plizy\u00e8 vil Sendomeng, sitou nan Kap-Franse (ki rele jodi a Kap-Ayisyen) ak P\u00f2toprens. Nan absans kaye osinon liv kontablite, se anons piblisite nan jounal sa yo ki sous enf\u00f2masyon ak konesans pi valab ki egziste sou af\u00e8 teyat piblik nan Sendomeng.<\/p>\n<p>Pif\u00f2 nan enf\u00f2masyon sa yo soti nan de grenn jounal (ak l\u00f2t piblikasyon ki te asosye ak yo): Se <em>Affiches am\u00e9ricaines<\/em> ansanm ak jounal konpay\u00e8l li a, <em>Suppl\u00e9ment aux Affiches am\u00e9ricaines<\/em> ki disponib pou nou gade sou ent\u00e8n\u00e8t sou <a href=\"https:\/\/www.dloc.com\">Digital Library of the Caribbean<\/a> ansanm ak <a href=\"https:\/\/ufdc.ufl.edu\">koleksyon dijital Iniv\u00e8site Florid<\/a>. Nou tire enf\u00f2masyon sou yon seri jounal ki te par\u00e8t nan koumansman e sitou nan fen yon pery\u00f2d nan ep\u00f2k revolisyon an, l\u00e8 te gen yon pak\u00e8t l\u00f2t piblikasyon ki te vin par\u00e8t. Nou te konsilte sous andiplis sa yo sou sit ent\u00e8n\u00e8t (<a href=\"https:\/\/archive.org\/\">Internet Archive<\/a>)\u00a0oubyen sou mikrofish nan <em>Biblioth\u00e8que Nationale de France<\/em> (Bibliyot\u00e8k Nasyonal Lafrans la) nan Pari. Baz done sa a manke l\u00f2t dokiman ep\u00f2k la ki te mansyonen zaf\u00e8 teyat nan dokiman tankou l\u00e8t ak otobyografi.<\/p>\n<p>Jounal ki te pibliye nan Sendomeng te pale de pi plis pase 700 espektak teyat diferan, genyen ki te ekri ak paw\u00f2l s\u00e8lman, genyen ki te ak mizik. Pif\u00f2 nan z\u00e8v teyat sa yo te soti dir\u00e8kteman Lafrans, pafwa jis de, twa mwa apre yo te jwe nan Pari osinon l\u00f2t kote. Anplis de sa te gen yon ti kantite z\u00e8v teyat enp\u00f2tan sou lis la kote ot\u00e8 yo te viv ak travay nan Sendomeng, pami ot\u00e8 sa yo te gen youn ki te rele \u201cCl\u00e9ment\u201d men nou pa fin konn idantite l. Youn nan bagay ki pi b\u00e8l e pi orijin\u00e8l nan teyat Sendomeng yo se te Pawodi Krey\u00f2l, kote yo te pran yon py\u00e8s enspire de z\u00e8v franse, men yo sitiye l nan Sendomeng nan ep\u00f2k sa a ak p\u00e8sonaj n\u00e8g ladan l epi te gen lang orijinal Krey\u00f2l nan dyal\u00f2g la. <em>Th\u00e9r\u00e8se et Jeannot<\/em> se youn nan py\u00e8s sa yo ki egziste jouk jounen jodi a. Py\u00e8s teyat sa yo te prezante nan Sendomeng pou yon piblik melanje men ki te gen ladann\u00a0yon ti gwoup afranchi (ki t\u2019ap vin pi enp\u00f2tan). Kwak, dapre sa nou konnen, esklav yo pa te gen dwa asiste py\u00e8s teyat yo, nou konnen te gen k\u00e8k esklav ak afranchi ki te jwe nan \u00f2k\u00e8s la; anplistou li byen posib genyen esklav ki te mennen m\u00e8t yo nan teyat la, menmsi yo pa te rete tann tout py\u00e8s la. Kwak pr\u00e8ske tout moun ki te jwe nan py\u00e8s teyat yo te blan, nou kapab site de akt\u00e8 ki te milat, e nou konnen nou pral jwenn l\u00f2t ank\u00f2.<\/p>\n<p>Yon p\u00e8f\u00f2mans teyat tipik ki te prezante nan Sendomeng se te de py\u00e8s teyat ansanm ak k\u00e8k l\u00f2t amizman tankou dans ak mizik, e pafwa fedatifis osinon yon bal dans. Isit n ap montre tout p\u00e8f\u00f2mans kote gen anons kote yo bay non py\u00e8s teyat la; nou montre tou si gen l\u00f2t amizman tankou mizik ak dans, fedatifis epi dans, nou ekri yo sou chak kat pou chak jou. (Nou pa t mete l\u00f2t koudyay, tankou fedatifis pou kont yo osinon kons\u00e8 ki pa t nan yon py\u00e8s teyat, kote nou jwenn non an.) Nou vle soulinye ke sa ki te par\u00e8t nan lapr\u00e8s lokal la kab s\u00e8lman yon ti pousantay de sa ki te jwe nan Sendomeng, paske genl\u00e8 pi f\u00f2 nan souskripsyon teyat regilye yo pa te par\u00e8t poukont yo (si yo te menm janm par\u00e8t) nan jounal. Pi f\u00f2 nan cho teyat nou montre la a se te py\u00e8s teyat ki te jwe pou met lajan nan p\u00f2ch s\u00e8ten endividi ak inisyativ ki te f\u00e8 tout depans pou pwodui cho yo; konsa yo te kenbe tout lajan yo te rantre a. Nou pa ka konnen nan ki mezi souskripsyon rantab sa yo f\u00e8 pati souskripsyon regilye yo paske enfomasyon sou yo p\u00e8di. Men sa pa anpeche ke sa nou rive jwenn montre kl\u00e8 kou dlo kokoye rich\u00e8s ak variyete teyat piblik nan koloni Sendomeng nan ep\u00f2k sa a. Li byen mete akl\u00e8 istwa teyat nan ep\u00f2k koloni an epi li montre tou w\u00f2l lang Krey\u00f2l la ki tap j\u00e8men e ki te vin pran nan tradisyon teyat la. Sou sit sa a nap jwenn nan <a href=\"http:\/\/rescomp-dev-1.st-andrews.ac.uk\/~theatrei\/index.php\/ht\/bibliyografi\/\">Bibliyografi<\/a> a plis enf\u00f2masyon sou tout kalite asp\u00e8 teyat nan Sendomeng.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Sendomeng se vye koloni franse (nou rele jodi a Ayiti) e ki te youn nan koloni esklavaj pi brital yo \u2013 men ki rap\u00f2te pi plis pwofi pou Lafrans. Sendomeng te gen youn nan pi gwo tradisyon teyat piblik nan tout Karayib dizuity\u00e8m sy\u00e8k la. Malgre bonjan travay yon ti gwoup ch\u00e8ch\u00e8 ap f\u00e8 depi&#8230; <a href=\"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/ht\/entwodiksyon\/\" class=\"more-link\">Continue reading <span class=\"screen-reader-text\">Entwodiksyon<\/span><\/a><\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","template":"","meta":{"footnotes":""},"class_list":["post-252","page","type-page","status-publish","hentry"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/252","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=252"}],"version-history":[{"count":6,"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/252\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":288,"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/252\/revisions\/288"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.theatreinsaintdomingue.org\/index.php\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=252"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}